Histoire du cinéma haïtien, session 3
-
Download
- Rights
- Files (1)
- MP4
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Histoire du cinéma haïtien, session 3
- Alternative Title:
-
- Istwa sinema ayisyen, twazyèm sesyon
- History of Haitian Cinema, session 3
- Speaker:
- Date:
- circa 1994-03
- Description:
-
Jean Dominique, Jonathan Demme, ak Edwidge Danticat pale istwa sinema ayisyen. Yo pale sou travay Raoul Peck, sitou « Haitian Corner » ak « L’Homme sur les quais » . Peck sèvi avèk chante pou montre jan ayisyen konn pale andaki. Dominique eksplike ki diferans ki genyen ant fim politik (pwopagann) ak fim angaje. Pou Dominique, sèl fim pwopagann ki gen siksè se fim fachis yo ye, kidonk li pè fim sa yo, epi rezilta fim sa yo. Li dekri Jean-Michel Basquiat kòm yon atis ki “te gen menm lwa nan ponyèt li” avèk lòt atis ayisyen, menm si anpil moun pa konsidere li kòm yon atis ayisyen. Dominique twouve l dwòl gen blan ki obsede pou Ayiti, epi li pale anpil sou karyè ak zak marin meriken Herman Hanneken. Sa mennen l nan istwa Charlemagne Péralte. Dominique dekri lanmò Jean-Jacques Dessalines kòm yon bagay ki fè tout ayisyen mal anpil, menm jounen jodiya. Demme mande poukisa pa janm gen yon fim sou Makandal oubyen Boukman. Dominique reponn avèk yon anekdòt sou rezistans popilè espontane kont tantativ koudeta Roger Lafontant te eseye fè 6-7 janvye 1991. Jou sa a, yon misye te di Dominique, “Boukman leve jodiya!” Imajinasyon sa a, dapre Dominique, se “pwojeksyon ayisyen an, sinema ayisyen an.” Yo pale sou lòt fim tou, pa egzanp sou fim etnografik sou Ayiti. Tout seyans sa yo te fèt nan Ramapo College, N.J.
Jean Dominique, Jonathan Demme, and Edwidge Danticat discuss the history of Haitian cinema. They discuss the work of Raoul Peck, particularly "Haitian Corner" and "L’Homme sur les quais." Peck uses songs as a way of conveying how Haitians "pale andaki" (speak in coded ways). Dominique explains the difference between "political" films (propaganda) and "films engagés" (films created by people committed to social justice). For Dominique, the only "successful" propaganda films are fascist, and so he fears those films and their consequences. He describes Jean-Michel Basquiat as someone whose "wrist was possessed by the same gods" that shaped other Haitian artists, though Basquiat is not always considered a Haitian artist. Dominique is puzzled by foreigners who are obsessed with Haiti, and goes into a long description of the career and actions of US marine Herman Hanneken. This leads to a discussion of the death of Charlemagne Péralte. Dominique describes the death of Jean-Jacques Dessalines as an episode that is still painful for the Haitian people. Demme asks why there has never been a film about Makandal or Boukman. Dominique responds with a story about spontaneous popular resistance to the 6-7 January 1991 attempted coup d’état by Roger Lafontant. That day, a man told Dominique, “Boukman leve jodiya!” (“Boukman has risen today!”) This imagination, according to Dominique, is “the Haitian projection, Haitian cinema.” They also discuss several other films, including ethnographic film about Haiti. These sessions were filmed at Ramapo College in New Jersey.
Jean Dominique, Jonathan Demme et Edwidge Danticat discutent de l’histoire du cinéma haïtien. Ils parlent du travail de Raoul Peck, surtout « Haitian Corner » et « L’Homme sur les quais ». Peck utilise les chants pour montrer comment les Haïtiens parlent « andaki » (de manière codée). Dominique explique la différence entre film politique (propagande) et film engagé. Dominique parle de Jean-Michel Basquiat comme d’un artiste qui était « possédé par les mêmes lwa » que les autres artistes haïtiens, même si on ne le considère pas comme un artiste haïtien. Dominique trouve curieux que des étrangers soient obsédés par Haïti, et il parle de la carrière et des actes du marine américain Herman Hanneken. Cela conduit à parler de Charlemagne Péralte. Dominique parle de la mort de Dessalines comme d’une douleur pour tous les Haïtiens, même aujourd’hui. Demme demande pourquoi il n’y a jamais eu de film sur Makandal ou Boukman. Dominique répond avec une anecdote sur la résistance populaire spontanée contre la tentative de coup de Lafontant, les 6 et 7 janvier 1991. Ce jour-là, un homme lui a dit : « Boukman s’est levé aujourd’hui! » Cette imagination, d’après Dominique, est la projection de l’Haïtien, le cinéma haïtien. Ils parlent d’autres films, comme les films ethnographiques sur Haïti. Cette séance a eu lieu au Ramapo College, New Jersey.
- Program Type:
- videotapes
- Subject:
-
- Cinema
- Sinema
- Cinéma
- United States. Marine Corps
- Marin ameriken
- Corps des Marines des États-Unis
- Haiti--History--American occupation, 1915-1934
- Okipasyon ameriken 1915-1934
- Occupation d'Haïti par les États-Unis 1915-1934
- Peck, Raoul
- Basquiat, Jean-Michel, 1960-1988.
- Hanneken, Herman
- Péralte, Charlemagne, -1919
- Dessalines, Jean-Jacques, 1758-1806
- Location:
- Language:
- English
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Related Resources:
- See below
- Identifier:
-
- radiohaiti
- duke:637131
- RL10059-VHS-0018
- ark:/87924/r4xw4d15r
- a3cbed86-4ceb-460e-80a2-b46f490f9962
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r4xw4d15r
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund